Saint Louis an - Herbert Karliner
Odyo-Sèlman
NARATÈ :
Herbert Karliner te fèt ann Almay nan ane 1926. Nan maten Kristallnacht lan, yo te detwi epi piye magazen papa l lan avèk tout sinagòg ki te nan vil lan epi tout lòt biznis jwif yo tou. Gestapo, polis sekrè Nazi yo, te fòse papa Herbert vann kay li yon ti moman apre sa. Nan mwa me 1939 lan, Herbert avèk fanmi li te pami 937 pasaje ki te abò bato yo te rele Saint Louis an, yon pakbo ki te pran direksyon Cuba.
Herbert Karliner
Moman nou te pase an te bon anpil. Nou danse, nal nan sinema, te gen sèvis relijye. Moun te vle wè kapitèn lan, nou te gen yon bon rapò avè l tou, epi nou tap tann konsa pou nou rive La Avann.
Nou te rive nan kè La Avann lan epi bato te akoste nan mitan bè an. Epi yo di te gen kèk papye pou yo regle. Donk nou tann, nou tann, nou tann epi anyen pa janm rive. Lapolis kiben an vini epi anyen pa rive. Mwen te gen kèk fanmi, mononk mwen te la deja, li vini nan yon ti bato epi li pale avèk nou pandan li te byen lwen. Sa se premye mo panyòl mwen aprann, li di demen, mañana, mañana, nap desann bato an. Se te yon jou, de jou, twa jou, kat jou nou rete La Avann pou sèt jou.
Nou pat konn kisa ki tap pase. Nou te kòmanse enkyè.
Nou te sitou pa okouran de anyen. Nou te tande gouvènman an pat vle nou antre epi yo te vle yon sèten kantite lajan, e noumenm nou pat gen lajan ditou. Donk, apre 7 jou kapitèn lan resevwa lòd nan men gouvènman an pou li ale kite kè kiben an. Donk li di nou pa bezwen pè nap sikilè nan Karayib lan epi nap jwenn yon kote pou nou. Lè sa a, nou voye telegram nan tout latè, nan Panama, Ajantin, Repiblik Dominikèn, nan Etazini, nou voye telegram bay M. Roosevelt, nou pa resevwa okèn repons. Nous voye yon telegram bay Madan Roosevelt pou yo kite timoun yo antre, nou pa resevwa okèn repons. Nou pran yon gwo desepsyon. Paske nou te konnen si nou te tounen ann Ewòp kisa ki tap rive.
Espwa nou kòmanse tonbe. Donk yo leve epi di map sikile nan zòn detwa Florid lan, yon moun kapab petèt tande nou. Apre sa mwen vin aprann, kapitèn lan te vle nou desann isit nan Miami.
Kapitèn lan te vin tou pre Miami Beach, map di ou, mwen te gen 11 an 12 an sou bato sa a, mwen te tèlman eblouyi lè mwen wè Miami Beach mwen di yon jou map gen pou mwen tounen la. Bon, sa te pran yon ti tan. Nou pat kapab debake nan okèn peyi, pèsòn pat vle kite nou antre. Lè sa a, manje kòmanse manke, dlo kòmanse manke epi bato an te oblije retounen ann Almay.
Li retounen tou dousman epi nap espere yon lòt moun te fè yon bagay. Epi de jou anvan nou te rive ann Almay, nou resevwa yon telegram ki di kat peyi tap kite nou antre epi yo ta pral separe nou. La Oland, Bèljik, la Frans epi Angletè. Donk natirèlman, sibitman nou vin gen espwa ankò. Nou kòmanse danse, nou te gen sinema epi tout moun te kontan nou pat oblije retounen ann Almay ankò. Chak peyi te pran 220, 250 moun. Nou pat gen anpil chwa sou ki peyi nou tale.
NARATÈ :
Jwif Ewopeyen yo te gen refij garanti nan La Avann donk yo te travèse Oseyan Atlantik lan pou yo wè Prezidan Kiba an refize kite yo antre lè yo rive. Kapitèn bato Saint Louis an kite kè La Avann lan pou lale Miami, paske l te espere pasaje jwif li yo ta kapab sove rive Etazini. Gad Kot Etazini yo pat kite bato an akoste. Finalman, la Bèljik, La Oland, Angletè epi la Frans te dakò pou resevwa pasaje bato Saint Louis an. Yo voye Herbert Karliner ak fanmi li an Frans kote yo te viv kache kòm Katolik pandan tout dire lagè an. Nan tout fanmi an, se Herbert avèk frè li an sèlman ki pat mouri. Pizyè santèn lòt pasaje ki te sou bato Saint Louis an te tonbe viktim anba Nazi yo pandan peyi Almay te rapidman anvayi lòt peyi nan Ewòp de Lwèst.