Videyo Temwayaj Zvi Michaeli

Dyaporama Inite asasen mobil

1 OF 3
  • Inite mobil pou tiye moun

    Inite Mobil pou tiye moun yo te akonpaye envazyon Alman yo lè yo te anvayi Inyon Sovyetik. Yo te tiye viktim yo bal pa bal, yon moun apre lòt. Yo pat opere pou kont yo: yo te resevwa asistans Wehrmacht lan (lame alman), jandamri lokal yo, antisemit nan peyi an menm, epi moun vil lan tou.

    Jwif yap asasine nan Ivanhorod, Ikrèn 1942

  • Yon kat ki montre asasina yo

    Avèk yon tanpon ki make "yon kestyon sekrè Reich lan," kat sa a montre kantite Jwif yo te tiye nan divès rejyon Inyon Sovyetik. Senbòl sèkèy lan montre Jwif ki mouri. Anba kat lan gen estimasyon kantite Jwif ki vivan toujou nan zòn sa yo se 128 000.

    Einsatzgruppen A ap egzekite Jwif

  • Enstriksyon yo te bay sa ki tap tiye moun yo

    Dokiman Nazi sa a montre pwosesis pou tiye moun yo: (D) asasen an tire; fòs bal lan fè (C) Jwif lan tonbe nan (B) chanye kote yo te antere Jwif yo an mas sou tèt lòt kadav. (A) Tè an deja la pou ranpli fos lan epi efase tout prèv ki ta montre yo komèt krim lan.

    Aktion an nan Zhitomir, Ukraine

Liy Tan 1940 - 1945

  • Lagè an nan Ewòp de Lwèst

    Almay anvayi Bèljik, la Frans, Liksanbour, epi Peyi Ba, epi kòmanse bonbademan ayeryen Angletè.

    Lafimen kap monte nan dife kè Surrey nan Lond apre yon bonbadman le 7 septman 1940

  • Ekspansyon nan Lèst

    Almay anvayi la Grès avèk Yougoslavi. Nan mwa jwen, Almay anvayi Inyon Sovyetik epi teritwa Sovyèt yo te kenbe. Inite Mobil pou tiye moun yo (Einsatzgruppen) yo tap swiv, yo tap tiye Jwif, Komisa Sovyèt, epi Roma ak Sinti (Jitan), yon vil apre lòt, vilaj pa vilaj.

    Ame sovyèt lan kap kite Moskou pou ale sou fwon wèst lan, 1941 / RIA Novosti

  • Premye Kan Lanmò an

    Asasina Jwif yo te kòmanse nan mwa desanm 1941. Jwif yo te mouri anba gaz nan kan Chelmno an, tou pre Lodz, an Polòy pandan okipasyon alman an. Yo te louvri kan lanmò Belzec, Sobibor epi Treblinka yo nan ane apre an. Nan kan sa yo, 2 milyon Jwif pral pèdi lavi yo.

    Jwif ki pral nan yon kan lanmò nan Chelmno

  • Konferans Wannsee

    Le 2 janvye 1942, nan yon vila andeyò Bèlen, 15 ofisyèl wo plase nan gouvènman an, lame epi nan pati Nazi Almay lan te aprann plan Solisyon Final lan pou tiye tout Jwif ki te rete ann Ewòp yo. Tach yo se te fè sa fèt rapid, avèk efikasite epi efisyans. Anvan 16 mwa fin pase, 80% nan Jwif Nazi yo te gen pou tiye yo te deja mouri.

    Vila kote Konferans Wannsee an te fèt / A. Savin

  • Soulèvman nan Geto Vasovi an

    Nan mwa avril lan, Jwif nan Geto Vasovi an te soulve nan yon rezistans klè kont Alman yo. Alman yo te oblije boule tout geto an, batiman pa batiman, blòk pa blòk.

    Yon patrouy SS nan Geto Vasovi an nan mwa me 1943

  • Sovtaj Danwa

    Nan mwa oktòb lan, Jwif danwa yo, avèk asistans rezistans danwaz lan, te pran bato pou rive nan libète nan peyi la Swèd. Plis pase 8 000 Jwif danwa te chape, mwens pase 500 te pran transpò pou yale nan kan lanmò yo.

    Wa Kristyan X, 1940. Jan souvren danwa sa a te opoze diskriminasyon Nazi an te bay sijè li yo egzanp.

  • Depòtasyon Jwif Ongwa

    Almay anvayi la Ongri. Ant 15 me epi 8 jiyè 1944, yo mete o total 437 402 Jwif nan tren ki te dirije yo sitou nan Auschwitz, kote yo te asasine 8 sou 10 ladan yo kèk èdtan apre yo te rive nan kan an.

    Fanm avèk timoun ongwa ki prale nan chanm a gaz nan Auschwitz-Birkenau, 1944 / German Federal Archives

  • Liberasyon

    Pandan twoup Alye yo tap avanse sou Almay nan ane 1944 epi 1945, kan yo te evakye pa fòs nan sa sivivan yo te rele mach lanmò. Pandan Alye yo tap kontinye avanse, yo jwenn kan Nazi yo konsa, san yo tap atann a sa. Nan kan sa yo, yo jwenn eleman ki te pwouve efò Nazi yo tap fè pou asasine moun epi kèk grenn moun ki te la pou rakonte istwa an te fè fas avèk kalite gwo pèt yo te andire an.

    Timoun dèyè babele nan Auschwitz, apre Ame Sovyetik lan te fèk libere yo, 1945