Dyaporama Sivi avèk rezistans nan Geto Vasovi an

1 OF 5
  • Geto nan Vasovi an

    Pou Polòy sèlman, Alman yo te etabli 400 geto pandan li te okipe peyi sa a ant 1940 ak 1942. Geto yo te gen tout kalite diferan gwosè, etandi avèk kondisyon lavi.

    Yon jèn gason ap pouse yon bouwèt nan lari geto an / USHMM

  • Yo te etabli Geto Vasovi an nan mwa oktòb 1940. Geto an, ki te kouvri sèlman 2,4% nan teritwa vil lan, te gen ladan l 30 pousan nan tout popilasyon vil lan. Lè li te nan pik popilasyon li, te gen plis pase 400 000 Jwif ki te fèmen nan Vasovi.

    Machann bwa pen, Geto Vasovi an, 1941 / USHMM

  • Lavi nan geto an se te yon vi salte, grangou, maladi ak dezespwa. San kontrebandye yo ki te pote manje plis moun ankò ta soufri famin.

    Yon madanm pòv nan lari Geto Vasovi an, 1941 / USHMM

  • Le 19 avril 1943, Alman yo te antoure geto an pou dènye depòtasyon an. Jwif Vasovi yo te soulve pou reziste. Se te premye rezistans ame ki te gen ann Ewòp anba okipasyon Alman yo.

    Twoup SS yo kenbe 2 konbatan rezistans jwif lan nan soulèvman Geto Vasovi an, 1943 / USHMM

  • Rezistans lan te tèlman fò, Alman yo te boule geto an, blòk pa blòk, yon batiman apre lòt. Le 16 me 1943, kòmandan alman an ekri siperyè li pou di: "Katye jwif lan pa egziste ankò."

    Gad SS yo ap fè Jwif yo te kenbe yo soti nan geto an kap boule, 1943 / USHMM

Geto Lodz lan avèk Konsèy jwif lan

1 OF 4
  • Geto na Lodz lan

    Lodz se te dezyèm geto an Polòy anba okipasyon Alman yo. Geto Lodz lan te izole, yo separe li avèk fil babele epi teren vag ki te separe li de vil lan ki te anba enfliyans Alman yo.

    Gad lapolis Alman avèk Jwif nan youn nan antre Geto Lodz lan, 1942 / USHMM

  • Alman yo te kreye yon Konsèy jwif, avèk Mordechai Chaim Rumkowski kòm prezidan, pou kenbe lòd pami popilasyon an ki te nan grangou avèk dezespwa. Rumkowski te elabore sa ki dapre limenm te yon strateji sou lon tèm pou moun kapab siviv -- li te panse travay tap sove moun, donk li transfòme geto li an an kan travay.

    Mordechai Chaim Rumkowski ap sikile nan yon kalèch nan Geto Lodz lan, 1940-44 / USHMM

  • Nan kòmansman mwa septanm 1942 an, Nazi yo mande pou yo remèt yo tout timoun avèk moun aje. Rumkowski fè sa yo te mande an. Li te di: "Pèsòn pa kapab revoke dekrè an. Li kapab vin adousi yon ti kras si nou respekte l nan le kalm."

    Jwif ki kanpe an ran pou tann manje nan Geto Lodz lan, 1940-44 / USHMM

  • Pandan yon moman, sa te parèt kòmsi strateji Rumkowski an te bay bon rezilta. Men menm Lodz pat chape Solisyon Final lan. Pami Jwif Lodz yo, 60 000 te mouri nan geto an epi 130 000 te depòte nan cha a gaz Chelmno yo epi chanm a gaz Auchwitz/Birkenau yo.

    Yon polisye jwif kanpe ap veye pandan rezidan Geto Lodz yo ap travèse yon pasrèl, 1940-44 / USHMM

Asasina nan Geto Minsk lan

1 OF 3
  • Geto na Minsk lan

    Yon ti tan apre envazyon Inyon Sovyetik an 1941, Alman yo te etabli yon geto nan kapital belarisyen an ki rele Minsk, kote yo te mete 80 000 Jwif ki te soti nan vil lan epi nan vil ak vilaj anviwonan yo. Nan otòn menm ane sa a, yo te voye nan Minsk plis pase 20 000 Jwif anplis ki te soti Almay, Bowèm avèk Moravi.

    Yon avètisman sou kloti an babele ki te antoure Geto Minsk lan, 1941 / USHMM

  • Maly Tostinets, yon ti vilaj ki te a 12 km a lèst de Minsk, te vin chan ekstèminasyon lokal lan pou Einsatzgruppen yo, ki te inite mobil ki te tiye moun yo. Men sa pat sifi, donk yo entwodwi cha a gaz mobil pou fasilite asasina yo.

    Yon pankat avèti moun yo pral tire yo san avètisman si yo antre san otorizasyon, 1944 / USHMM

  • Te gen 10 000 Jwif ki te chape Minsk pou ale nan bwa an epi konbat kot a kot avèk inite patizan yo, men majorite ladan yo pat siviv. Yo detwi geto an nan otòn ane 1943 an -- popilasyon li an te peri nan Maly Trostinets oubyen yo te depòte yo nan kan lanmò Sobibor an.

    Geto Minsk lan, 1941 / Yad Vashem

Lèza avèk kilti nan Theresienstadt

1 OF 5
  • Theresienstadt

    Theresienstadt, yon vil Tchèk a distans 64 km o nò vil Prag nan Tchekoslovaki ki te anba okipasyon Alman yo, te yon geto, yon kan konsantrasyon, epi yon pwen tranzit pou Jwif ki tap prale nan Auschwitz ant 1941 avèk 1945.

    Theresienstadt, 1944 / USHMM

  • Theresienstadt se te kote atist, ekriven, syantifik, jirist, diplomat, mizisyen avèk pwofesè Jwif ki te gen plis renome yo te viv -- epi mouri.

    Moun ki fèk rive nan lari, 1944 / USHMM

  • Nan Theresienstadt, te gen yon bibliyotèk ki te sikile plis pase 60 000 liv. Te gen konsè mizik senfonik. Kominote sa a ki te mouran, te pran fòs spirityèl li nan reprezantasyon teyatral epi nan konferans.

    Yon reprezantasyon opera timoun yo ki rele Brundibar nan Theresienstadt / Yad Vashem

  • Kenz mil timoun te pase nan Theresienstadt. Kominote an te ba yo yon pwogram solid kote yo te swiv kou, fè aktivite spòtif epi patisipe nan lèza chak jou. Timoun yo te penn tablo epi yo te ekri powezi. Lè lagè an te vin fini, se sèlman 100 nan timoun sa yo ki te vivan toujou.

    Yon paj nan yon albòm souvni pou timoun ki te ekri nan Teresienstadt, 1943 / USHMM

  • Sou 144 000 Jwif yo te voye nan Theresienstadt, 33 000--preske youn sou kat--te mouri sou plas epi yo te depòte 88 000 nan Auschwitz. Lè lagè an te vin fini, se sèlman 19 000 ki te rete.

    Yon transpò Jwif olandè kap rive nan Theresienstadt, 1944 / USHMM