Dyaporama Liberasyon

1 OF 3
  • An 1944-1945, ame Alye yo ki tap vanse te jwenn san atann kan konsantrasyon yo pandan yo tap vanse sou viktwa yo, yo tap mache a tout vitès sou Bèlen. Pou liberatè yo, se te yon rankont avèk yon mal moun pat kapab imajine, gason ak fiy ki te fin tounen skelèt, pil kadav, odè lanmò an ki te anvayi tout bagay. Yo te antrene kòm konbatan, yo te blije tounen gerisè.

    Prizonye libere nan Ebesee, yon sou-kan nan kan konsantrasyon Mauthausen, Otrich 1945

  • Pou moun ki te siviv kan yo, liberasyon an te pwovoke emosyon jwa ak tristès an menm tan; liberasyon an te vle di masak lan te fini, men sa te fè yo reyalize tou sa yo te pèdi--manman ak papa, pitit, frè ak sè, kominote antye, yon fason moun tap viv.

    Kat sivivan kan konsantrasyon Buchenwald lan, 1945 / USHMM

  • A mezi sivivan yo te pèmèt tèt yo santi emosyon, yo te santi yo te vide. Viktor Frankl, yon sikyat otrichyen epi otè liv Kèt Lòm pou yon Sans, te obsève: "Nou pat ko apatni a mond sa a. Se apre sèlman -- epi pou sèten nan nou sa te rive anpil tan apre oubyen sa pat rive ditou -- liberasyon an te vreman libere nou.

    Timoun ki te siviv kan an ap mache pou soti nan Auschwitz, janvye 1945 / USHMM