• The Sculptor's Tour

Skilti Kòmansman an

Kenneth Treister - Skilti Entwodiksyon Odyo Sèlman Tou sa se wòch Jerizalèm. Donk li soti nan vil Jerizalèm. Sa se menm wòch yo ki te anba Moyiz lè li te la epi Wa David, Salomon epi tout istwa Izrayèl. Konsa, sa se avèk wòch sa a tout memoyral lan konstwi. Wòch Jerizalèm. E li taye a la men. E nan tan biblik yo e nan ansyen tan, se Jwif yo ki te atizan nan Tè Sent lan ki te taye wòch yo. Sa se te yon pwofesyon jwiv. Epi vè tou. Ou deja wè sa yo rele vè women nan Izrayèl, sa se travay atizana Jwif yo te fè spesyalman kòm atizana yo. Donk se konsa yo skilte tout. Kounyè an, skilti sa a, youn nan pwoblèm mwen te gen se te jwenn kijan pou kòmanse epi kòman pou siyale "kòmanse isit?" Kijan pou ou fè yon pano ki di "kòmanse isit?" Ki fè mwen te gen lide nou ta fè yon skilti se nan Lewòp Lwa Nuremburg yo te kòmanse. Jwif yo pat kapab mache sou twotwa an, timoun yo te oblije mache nan kanivo. Yo te trete Jwif yo kòm ras enferyè an, e poutan Jwif yo te rete. Majorite ladan yo te rete. Te genyen ki tale, men pi fò ladan yo te rete. Donk skilti sa a reprezante yon manman, timoun yo pè, manman an ap kenbe yo nan wòb li, epi li pa ale. Sa se 6 milyon yo.

Skilti Lanmou ak Angwas

Stati Men Kenneth Treister an Vizit Odyo Annou pale dabò de siyifikasyon bra an. E sa se yon kestyon moun poze m souvan pandan anpil ane lè moun wè memoryal lan. E repons mwen bay pi souvan an, epi tou repons ki gen plis verite ladan l lan, se lè m di mwen pa kapab eksplike siyifikasyon an avèk pawòl paske sa mwen ye se yon atist skiltè; mwen pa yon powèt. E si mwen te Elie Wiesel oubyen sim te William Shakespeare, mwen ta kapab eksplike ou nan yon ti moman skilti ki rele "Lanmou ak Angwas lan." Mwen bal non "Lanmou ak Angwas" paske mwen te panse sa se te 2 emosyon fò ki te la lè Olokòst lan te pase. Moun te gen angwas paske yo ta pral mouri, epi yo te gen lanmou moun nan fanmi yo ki tap peri avèk yo. Moun yo pa tap janm wè ankò. Donk yo tap ede yo. Donk memoryal lan gen ti sèn ki rakonte istwa lanmou avèk angwas. Se pa sèlman fòm ou voye sou bra an. Se pa yon bann medam avèk timoun avèk ti bebe san siyifikasyon. Chak ladan yo ap entèyaji avèk lòt. Yon frè ap lonje men li pou ede yon frè, yon papa ap soulve yon ti bebe, yon manman ap bèse yon ti bebe, de moun aje ap salye youn lòt apre yo fin pase yon vi lanmou ansanm. Se konsa ou te gen de fanmi antye yo tap detwi, donk te oblije gen anpil lanmou sou tèt angwas lan.

Dom Kontenplasyon

Kenneth Treister - Domo/Koridò Odyo Sèlman Kounyè an, tinèl lan...Mwen pat vle pou moun antre an gwoup nan memoryal lan. Mwen te vle pou chak moun antre pou kò yo. Pi bon fason pou yon moun wè memoryal lan se pou kont ou epi san ou pa pale. Se pousa mwen fè yon tinèl. Nan domèn achitekti, ou eseye mete kot a kot yon bagay ki piti avèk yon bagay ki gwo, oubyen byon bagay ki gwo akote yon bagay ki piti. Epi men fè tinèl lan piti anpil, e mwen kreye yon fo pèspektiv. Jan ou konnen, pèspektiv, lè ou pi lwen liy yo vin rapwoche youn ak lòt. Donk, mwen fè tinèl sa a konvèje pou li parèt pi long pase sal ye an. Epi mwen fèl pou nan fen tinèl lan, gen yon sèl antre pou yon sèl moun. Ou pa kapab antre an gwoup. Se youn pa youn pou moun pase ladan l. Se pousa mwen mete ti pitit lan kap kriye epi mwen kreye fo pèspektiv sa a. Kounyè a, sam fè la a se yon chanjman. Nan yon premye tan, mwen te -- mwen senpleman fè yon liv sou Maya yo. Maya yo te konn sèvi avèk solèy lan epi fenomèn astwonomik yo pou eblouyi moun sou jeni dirijan yo paske yo te kapab predi ekinòks lan epi batiman yo te aliyen avèk sa. Konsa, mwen mete wòch wouj sa yo -- se wòch Jerizalèm, men se yon wòch ki pi pwofon. Si wale nan otèl Wa David lan, la devan ou wap wè wòch wouj sa a. Se yon wòch ki pi pwofon pase wòch Jerizalèm nòmal lan. Epi mwen mete sa yo la e mwen kalkile pou solèy lan nan dat Yom Shoah an ta desann nan fant sa yo epi limen wòch sa yo. Epi fant sa yo, si ou gade fant sa yo, sa pral fè ou wè yon ti pati nan rèst memoryal lan. Donk se yon konbinezon ant jan tinèl lan fèmen epi fant limye sa yo kap antre.

Miray Non Memoryal lan

Kenneth Treister : Donk, nou jwenn ide an pou lè moun vin vizite, yo ba nou non fanmi yo ki te mouri nan Olokòst lan epi nou grave non an sou yon esplanad ki fèt an granit, epi nou gen yon 40 000 non kounyè an. Nou te kòmanse sèk sant lan epi se tout tan nap ajoute nouvo non. Si nenpòt moun gen zanmi oubyen moun ki pami sivivan yo oubyen moun jwif ki gen non, sa ta fè nou plezi anpil pou nou ajoute yo. Yon jou mwen pat la men yon nèg tap rele pandan lap vin nan biwo an. Nou mete non yo sou òdinatè pou nou kapab jwenn sou ki pano--chak pano gen yon nimewo--kote non an ye, paske sa pa fèt pa òd alfabetik, li fèt a mezi nou resevwa non yo. Li vini, li tap rele lè lap vin nan biwo an, epi li di non li pat sou mi Memoryal lan. Epi nou vin wè te gen yon fanmi an Polòy epi pati sa a nan fanmi lan te sove ale vè Lèst pou enstale an Risi, se sa anpil Jwif te fè, epi lòt fanmi an te konsome nan Olokòst lan. Epi li te youn ladan yo epi li siviv. Donk gen yon pati nan fanmi li ki te emigre an Ajantin apre lagè an. Epi yo vini nan memoryal Olokòst sa a epi yo bay non moun nan fanmi an ki te mouri yo. Pami yo, te gen mesye sa a. Yon ane aprè li vini, epi li te gen yon non moun pa tande souvan, epi li wè non li avèk fanmi li. Non li sou yon pyè tonbal nan Memoryal Olokòst lan. Sa se te yon chòk pou li men bon nouvèl la se te akòz de sa nou te reyini 2 fanmi yo. Epi sak te ann Ajantin lan avèk sak te isit lan te reyini pou premye fwa.

Skilti Final

Kenneth Treister - Skilti nan fen an Odyo Sèlman Kounyè an, lè mwen te fèk fini memoryal lan, mwen mennen yon gwoup raben pou yo wè memoryal lan. Se te 10 oubyen 12 raben. Epi mwen fè yo fè tout vizit lan, sa ou fèk wè pandan jounen an. Epi mwen pale avè yo pou di sa se fen an epi kòman nou te sèvi avèk Anne Frank ki gen yon sitasyon nan kòmansman an ki optimist, "moun toujou gen bon kè," epi isit, "ideyal, rèv, epi espwa nou cheri yo leve anndan nou sèlman pou yo vin rankontre sou verite terib sa a, epi yo kraze." Sa se fen an. Epi youn nan raben yo di, "M. Treister, ou gen yon pwoblèm." Mwen di, "Kisa li ye?" Li di, "nan tradisyon jwiv lan, ou pa kapab fini yon istwa sou yon fen ki trist." Sa se yon tradisyon jwiv. Yon istwa dwe pou li fini nan kè kontan. Yon lòt raben di, "tann mwen," jan raben yo toujou di, "ou pa kapab pale de Olokòst pou ou mete yon fen ki pa trist. Kounyè, men mwen, yon achitèk ki pa yon savan sou kestyon jwiv, epi mwen nan yon dilèm. Donk, lè mwen tounen mwen rele Mel Lexenburg, ki se savan pam sou kestyon jwiv. Nancy konnen l epi gen lòt moun ki konnen l tou. Li te -- li toujou, li nan Izrayèl epi se yon gwo savan Jwif. Donk mwen rakonte l istwa an. Mwen di Mel, "kisa ki repons lan?" Ou konnen, li di sesi, li di sela. Li di, "Ken, nan Jidayism lan, tout bagay siklik. Memoryal ou an gen fòm won. Li pa gen ni kòmansman ni fen. Li won. Torah an se yon pachemen ki pa janm gen fen, se pa yon liv ki gen yon kòmansman epi yon fen, se woule yo woule l tout tan. Lè ou fini youn ou kòmanse yon lòt. Li di se sa diferans lan ant Jidayism avèk Kretyènte an. Nou pa gen okèn istwa ki pap dewoule. Yon jenerasyon pa swiv yon lòt. Genyen pitit pitit, genyen pitit, gen granmoun, gen jèn, gen moun aje, gen granparan. Epi tout tan se yon sikl ki gen won ladan l tout tan, kap dewoule tout tan..." Epi li di, "memoryal ou an se yon won," epi li di, "sa pa janm fini."
123