• Mi Memoryal

Mi ak Non yo - Odyo Sèlman Ezra Katz Pou moun tankou nou ki gen gran paran, matant, mononk, kouzen ki peri nan Olokòst lan, nou gen yon kote pou nale. Menm si ou pa gen yon non la, omwen ou konnen sa se yon kote ki sakre. Mwen panse li toujou rete yon kote ki sakre. David Mermelstein Nou vle yo sonje. Nou pa vle pou moun nan lemond bliye. Jodiya nou la donk nou vle asire nou di tout moun ki vle tande sa te rive. Heny Hersh Yo pran papa nou nan fanmi n anvan nou tale nan geto an. Nan maten yo kite nou vin salye li. Epi li bo nou e nou pa janm wè li ankò apre sa Jules Reiter Pou rakonte ou yon istwa, an 1938 granpè mwen te fè yon fèt. Te gen 39 moun nan fanmi an ki te envite nan fèt sa a. Mwen se sèl ladan yo ki rete. Irene Zisblatt Epi lè m tande manman m leve vwa li pou dim, "pa kriye, map vin chèche w apre." Sa se dènye fwa mwen te tande vwa li. Morris Rosenblat Moun ke konn tonbe konsa pandan yap mache. Pandan li tap mache li tonbe sou twotwa an epi li te mouri. Mwen kapab asire ou manaman li oubyen madanm li oubyen sè li pat janm konnen kisa ki te rive l nan fen jounen an. Israel “Joe” Sachs Mwen ta renmen di tout latè genyen gwo posiblite pou mond lan vin pi bon si sèlman, si sèlman nou kapab edike moun sou vyolans ki fèt deja nan mond lan, epi jan yo pran lavi moun san rezon. J Alex Gross E pandan mwen tap pwoche, mwen wè se te vwa manman m avèk sè mwen. Mwen te vle al manyen l, anbrase l si mwen te kapab. Norbert Wollheim Mwen wè kèk kamyon ki ta prale, madanm mwen jwenn mwayen pou li chita nan bout kamyon an donk nou voye men youn ba lòt epi sa se dènye fwa mwen te wè li. Magda Bader Gran papa m tap mache akote manman m epi mwenmenm tap mache akote manman m epi gran papa m tonbe. Epi sa se te dènye fwa mwen te wè gran papa m. Manman m ale, papa m ale. Epi sa se dènye fwa mwen te wè yo. Epi lòt sè m lan ki te fè ti bebe an li pa janm tounen. Souvan mwen poze tèt mwen kestyon si ti pitit li an te gen chans pou li siviv men yon timoun 3 an edmi pat ap kapab siviv. E menm si li pat mouri, li pa tap janm sonje non li. Sa pat posib. Miriam Kassenoff Ou pa kapab grandi ap rayi lòt moun pase yo pa menm jan avè w, se pou ou toleran se pou ou kite moun pouswiv rèv pa yo, jan pa yo pou yo viv. Kèlkeswa ki moun yo ye, kisa yo ye, kijan yo aji, sa se dwa yo. Bessie Eichler Bedzow Men sa m sonje, yo te frape nan pòt lan epi Alman yo antre nan ti kay sa a epi yo mennen gran paran mwen ale. E nou pa janm wè yo ankò apre sa. Lilly Malnik Epi li di m ale a dwat epi li di matant mwen an ale a gòch men mwen pa janm wè l ankò apre sa. Israel “Joe” Sachs Mwen wè papa m te anba li rele anwo epi li di m "nap wè sa nou kapab fè pou fè ou rantre lakay ou." Sa se dènye fwa mwen te wè papa m. Te gen anpil prizonye 50 oubyen 60 Jwif ki te kouche atè an epi mwen gade mwen rekonèt frè mwen an. Mwen te pale avè l, li pa janm reponn. Donk sa se dènye fwa mwen te wè yon moun nan fanmi mwen. Allan Hall: E mwen panse se pou nou eseye rete vijilan epi konsyan sou sak pase nan listwa, konsyan sou jan sa kapab rive, sa ap rive kounyè an, epi se pou nou fè tout bagay nou kapab kòm endividi pou nou si sa pa rive. Menm si nou byen konnen nou pap reyisi nèt, men chak fwa nou sove lavi yon moun chak fwa nou evite yon Olokòst, oubyen yon mini Olokòst, oubyen yon jenosid fèt, nap fè travay Bondye. David Mermelstein Nou te gen granparan mwen te gen manman ak papa. Nou te senk frè, de pi gran epi yon sè epi de ti frè. Nan tout se mwenmenm sèlman ki pa mouri. Herbert Karliner Te gen anviwon 70 preske 80 000 moun yo depòte soti an Frans. Mwen konnen egzakteman nan ki moman yo te depòte manman ak papa epi sè mwen. Sou ki transpò, non transpò an, etsetera. Epi sèl bagay ki make sou li se "direksyon Auschwitz." Se sa sèlman. Benjamin Bedzow : Alman yo vini epi yo fòse pòt yo pou antre nan kay yo epi yo kòmanse pran sak te pi jèn yo pou yo kontinye viv epi sak te pi granmoun yo pou yo tiye yo. Epi sam sonje de gran paran mwen yo rete nan kè mwen epi nan zye mwen tout tan. Mwen pa janm wè yo ankò. Wendy Reiss Rothfield E mwen panse se pou ou imajine tèt ou ki kalite moun ou vle ye? Kimoun ou vle ye ? Kòm kisa ou vle moun sonje ou ? Anne Meyer Lè gran papa m kenbe men m fò epi li di sa wap gade la a se kòmansman fen an, wap gade kòmansman Dezyèm Gè Mondyal...gen bagay konsa kap pase tout tan kote mwen vle kenbe men yon moun byen fò epi di yo, Bondye se pou sa sispann touswit. E tou sa mespere se pou toujou gen moun ki kontinye sispann bagay sa yo.