Interaktive Landkarte Jwif ewopeyen yo anvan lagè

Diavorführung Lavi avèk tradisyon Jwif yo

  • Kilti Jwiv

    Jwif nan lemond antye ini avèk yon varyete rich nan tradisyon kiltirèl yo. Yo fete fèt yo, yo pratike rityèl ki gen rapò avèk sik lavi an, donk tradisyon jwiv yo ede kenbe kominote jwiv lan pandan plizyè jenerasyon.

    Yon fanmi alman an pwomnad nan Bèlen, fen ane 1920 a kòmansman ane 1930

  • Rosh Hashanah

    Rosh Hashanah, ki se Nouvèl An jwif lan, se yon moman pou gade anndan oumenm epi priye. Nan sinagòg lan yo obsève Festival lan avèk solanite: yo soufle nan Shofar lan (yon kòn belye) epi yo selebre li lakay avèk yon festen ki gen ladan l pòm avèk siwo myèl.

    Soufle nan shofar lan pou fèt Rosh Hashanah

  • Yom Kippur

    Pou fèt Yom Kippur, Jounen Ekspyasyon, yo di Bondye jije sò chak moun. Jwif yo pa manje ni bwè anyen, epi Jwif ki pratikan yo pase preske tout jounen an nan sinagòg lan pou yo priye epi repanti. Yon sèl kou nan shofar lan make fen jounen an.

    Priyè pou repantans nan fèt Yom Kippur

  • Succot

    Jou fèt Succot, ki se Festival sezon otòn lan, anpil Jwif konstwi yon strikti pwovizwa yo rele yon Succah. Yo dekore li avèk kè kontan, e Succah an raple mwason an avèk 40 an Izrayelit ansyen yo te pase nan dezè an.

    Yon fanmi reyini pou yon repa nan succah an

  • Pessah oubyen Pak

    Fèt Pesach lan, ki se fèt ki gen nan sezon prentan an, raple liberasyon ansyen Izrayelit yo lè yo te soti ann Ejipt. Yo fè yon manje kè kontan ki rele Seder, epi fanmi ak zanmi reyini pou rakonte ankò istwa Egzòd lan epi manje matzah (pen san leven), èb amè, avèk lòt manje senbolik ankò.

    Selebrasyon liberasyon an nan yon Seder Pessah oubyen Pak jwif lan

  • Shavuot

    Fèt Shavuot lan komemore lè Moyiz te resevwa Torah an nan Mon Sinayi epi premye fwi nan rekòlt prentan an. Jwif ki pratikan yo pase premye sware an ap pase nwit lan ap etidye pou raple yo revelasyon an.

    Nouvo imigran ap fete premye Shavuot yo pase nan Izrayèl

  • Hanukah

    Hanukah, Festival Limyè an, komemore viktwa Jwif yo sou Siryen yo nan ane 165 av. Jezi Kri. Menorah an (lanp Hanukkah an) lime pou 8 swa, epi genyen tou manje spesyal, kado epi jwèt.

    Pandan Hanukah, yon menorah kanpe sou yon fenèt nan Kiel, ann Almay, 1932

  • Purim

    Purim se fèt ki raple efò la Rèn Estè te fè lè li reyisi sove Jwif yo nan peyi la Pès pase te gen yo move konplo kont yo. Yo fete fèt kè kontan sa a avèk degizman, manje nan la jwa, epi echanj panye plen manje epi zèv charitab.

    Timoun ap amize yo nan yon parad Purim ann Izrayèl

  • Brit (Sikonsizyon)

    Yo fè sikonsizyon bebe jwif yo nan wityèm jou apre nesans yo, kòm siy alyans ki te fèt ant Bondye epi Izrayèl. Dènyèman gen anpil nouvo rityèl ki fèt avèk anpil kreyativite pou akeyi bebe fiy yo tou.

    Preparasyon yon bebe pou sikonsizyon

  • Bar Mitzvh ak Bat Mitzvah

    Nan laj 13 an, yon ti gason jwif resevwa apèl Torah an pou premye fwa epi li aksepte responsabilite relijye yon granmoun. Apre 1922, rityèl Bat Mitzvah pou ti fiy yo te vin kouran nan anpil kominote tou.

    Yon pòtrè Josef Yehuda Radzinski nan okazyon Bar Mitzvah li, Vasovi 1937

  • Maryaj

    Chuppah, oubyen abri pou seremoni maryaj lan, senbolize nouvo fwaye jèn marye yo. Anba chuppah an, yo resite sèt benediksyon, yo mete yon bag sou dwèt endèks la marye, epi jèn marye yo pataje yon ti gòje di ven. Pou fini seremoni an yo kraze yon vè.

    Pile vè an pou konkli yon seremoni maryaj

  • Torah

    Senk premye liv na Bib Hebre an rele Torah. Chak Saba, yo li yon seksyon nan pachemen ki ekri alamen an pandan sèvis relijye nan sinagòg yo.

    Lekti nan yon pachemen Torah an

  • Sinagòg

    Sinagòg lan, oubyen mezon relijyon jwiv lan, pa gen okèn egzijans pou konsepsyon li. Tou sa ki nesesè se yon pachemen Torah an epi yon kowòm ki gen dis gason -- nan kominote ki pi liberal yo, yo mande dis granmoun -- ki gen plis pase 13 an pou kreye yon minyan, oubyen kominote priyè.

    Yon kominote reyini nan priyè nan yon sinagòg

  • Shabbat (Saba an)

    Yo selebre Saba a soti nan lè solèy lan kouche nan vandredi rive jis fè nwa nan samdi. Se yon okazyon ki gen anpil enpòtans nan relijyon jwiv lan. Selon tradisyon an, Jwif yo pa travay pandan Saba an epi yo make jounen an avèk manje nan kè kontan, kote yo sèvi diven avèk challah epi you ale nan sèvis sinagòg lan.

    Pen challah, di ven avèk chandèl pou Shabbat

  • Kashrut (Lwa alimantè)

    Lwa jwiv yo gen sèten restriksyon alimantè. Pa egzanp, se yon bouche kachè ki gen pou li abat vyand lan, se pou vyand avèk lèt separe, epi se sèten kalite bèt avèk pwason sèlman moun kapab manje.

    Yon bouche kachè ap prepare vyand