NAN KACHE - Allan avèk Andrew Hall Odyo Sèlman NARATÈ : Sèten Jwif te siviv lagè an lè yo te viv kache lakay moun ki pat Jwif nan peyi Polòy anba okipasyon an. Allan Hall avèk manman ak papa l Edmund epi Maria te viv experyans evenman mirak nesans yon ti bebe, Andrew, pandan yo te kache nan yon kav pou chabon. Lè sa a, yo te oblije fè fas ak yon desizyon difisil: kisa pou yo fè avèk ti bebe an. Allan Hall: Nou te antre nan sousòl lan epi yo mete manman m nan yon seksyon epi mwenmenm mwen pat abitye ditou rete lwen li. Kounyè an, se pou ou byen konprann, mwen te lwen li lè sa a, siman se te yon distans 10 pye nan menm espas lan epi yo fèm panike nèt pase yo te mete yon dra pann pou separe nou. Li te montre yon ti vant piti men nan epòk sa a nou te ase grangou preske tout tan donk moun te gen vant yo gwo epi se te yon bagay nòmal pou ou wè. Epi yon ti moman apre se wè m wè ti frè m lan te fèt. Andrew Hall : Mwen te peze anviwon 2 liv lè m te fèt, mwen fèt nan yon move moman nan listwa epi mwen pat gen anpil chans pou mwen siviv. Allan Hall: Te gen yon doktè yon kote, nan yon lòt pyès nan sousòl lan ki te vini pou wè li pase nan epòk sa yo pat gen okèn timoun ki te fèt. Mwen pat konnen li te ansent epi pandan lontan mwen kwè limenm pat konnen. Donk pou yon ti bebe fèt se te yon bagay ekstwòdinè, epi doktè sa a te vini epi li mande manman m si li te kapab alete bebe an. Manman m di li te eseye men li pat kapab. Li di alò, ti bebe sa a pa gen anpil chans pou l viv, men li di si ou oblije vre, si ou vreman santi ou dwè fè tou sa ou kapab, moun ap jwenn yon mwayen, doktè an oubyen yon moun nan sousòl lan jwenn yon ti sik. Andrew Hall : Donk sak fè m pa mouri se dlo ak sik mwen te bwè. Se pa chak ti kiyè yo chofe yo banm manje pandan 24 è pa jou pandan premye jou yo. Andrew Hall : Apre sa yon dantist te vin konkli mwen pat kapab siviv si moun pat fè yon pakèt gwo efò pou sa, donk sa yo fè se yo echanje san ant san manman m avèk san pam san yo pa teste si gwoup sangen an te bon epi lojik yo te genyen an se swa mwen siviv swa mwen mouri. Men mwen siviv epi sa ba mwen kont fòs pou mwen vin kòmanse anfòm. Allan Hall: Nou te Vasovi pandan revòlt lan. Nou te oblije ale kite paske Alman yo ta pral depeple tout vil Vasovi an epi kraze l plat atè. Menm jan ak Carthage. Kounyè a, soti nan Vasovi se te yon gwo pwoblèm. Donk meyè mwayen an, e se pat tèlman yon bon mwayen, men se te sak te pi bon pou nou, se te pase nan egou yo. Anpil moun tap fè sa, pase nan egou yo. Epi moun te di ou pral oblije kite ti bebe an deyè oubyen yon lòt posibilite se pou yo tiye ti bebe an pase ou pa kapab pase nan egou yo avèk yon ti bebe. Premye bagay lan, si ti bebe an kriye yap tou voye yon grenad nan egou an sou nou a travè youn nan bouchdòm yo epi nou tout ap mouri. Donk rèst gwoup lan pat vle ti bebe an. Lè sa a manman m, li te kenbe tout gwoup moun yo tèt epi li di "Non. Se swa nou tout viv oubyen nou tout mouri. Nou pap tiye ti bebe sa a ki fèk fèt ni nou pap kite ti bebe ki fèk fèt sa a deyè." Andrew Hall : Chak jou mwen pase sou latè pou mwen se yon mirak e mwen eseye rekonèt sa. NARATÈ : Toulede frè yo avèk manman epi papa yo siviv Olokòst lan epi yo imigre nan Etazini. Apre yon tan yo te enstale nan Miami.

Odyo Rezistans: Benjamin Bedzow

Patizan - Benjamin Bedzow Odyo Sèlman NARATÈ : Ant ane 1942 epi 1944, gwoup patizan yo te reziste kont Nazi yo. Youn nan bagay yo te fè yo se bay kèk Jwif ki te reyisi sove kite Byelorisi refij pou yo kache nan forè an, yon kote pou yo rete an sekirite. Se Tuvia Bielski avèk frè li yo ki te lidè Rezistan sa yo. Yo te sove plis pase 1 000 Jwif epi yo anpeche yo pèdi lavi yo nan lagè an. Patizan yo te voye gid nan geto yo tankou pa egzanp Nowogrodek epi Lida, pou yo mennen Jwif yo nan kominote sekrè yo nan forè Naliboki an ki te tou pre. Benjamin Bedzow avèk manman li te pami yon gwoup Jwif ki te sove kite geto Lida an pou yo antre nan ran patizan yo nan forè an pandan ane 1943. Benjamin Bedzow : Epi nan mitan ane 43 an, yo te vini epi yo fè nou soti. Yo te òganize tout bagay nan aswè. Pare kò nou pou a 1 è nan maten nou pral sove. Se kapab yo te bay kèk nan gad yo yon lajan pa anba oubyen yon lòt bagay, mwen pa konn egzakteman sal te ye men sam konnen mwen te soti la. Manman m, mwenmenm epi 20, 30 lòt moun ankò. Nou te kòmanse mache pou nal nan bwa an, epi m sonje mwen tap dòmi pandan m tap mache. Mwen senpleman pat kapab jwenn kont fòs. Anfen, nou te rive antre avèk lòt patizan yo nan yon distans 150, 200 kilomèt anndan bwa an. Epi pou mwenmenm se kòmsi mwen tap wè le paradi. Kòmsi mwen tap wè libète, Mwen tap wè map siviv. Se konsa, soti nan septanm 43 rive jwen 44, se kòmsi nou tap viv nan pi bèl vil ki gen nan lemond. Nou te konstwi bonkè, nou konstwi abri, nou konstwi kèk boulanjri, nou konstwi tout yon vil. Mwatye te anba tè, mwatye te anlè tè an. Tout moun te fè yon bagay pou pote kole. Konbatan yo te konn soti, riske vi yo epi moun fanmi yo te rete nan kan an. Nou te deja preske 1 200 moun ki te la, epi petèt te genyen 150 000 patizan soti La Risi ki te ansanm avèk nou. Nou te santi kòmsi nou te rive jwenn yon viktwa. Bielski… se te youn nan lidè gwoup lan epi li te aksepte nenpòt moun ki te Jwif, san gade sou kondisyon li: jèn, granmoun, fanm, timoun, sèlman vini epi sove lavi ou. Li te kòmsi pou mwenmenm pi gwo ewo ki te gen sou latè. Epi pou mwenmenm se sa mwen plis sonje, se kòmsi pi gwo gason ki te gen sou latè devan zye pam… Li te trete tout moun byen. Li te oblije yon ti jan di, men sal te plis bezwen se wè kòman pou sovi lavi moun. Vi pa li sèlman te yon danje pou anti-Semitism avèk moun etsetera, se pou li rete wo nan memwa nou pandan plizyè milye ane. Paske akòz de limenm nou gen yon nouvo jenerasyon ki gen plizyè santèn de milye moun. NARATÈ : Patizan Bielski yo te jwenn zam avèk eksplozif pou yo batay kont twoup Nazi yo epi detwi tren avèk ray tren ki tap sèvi pou Nazi yo voye Jwif nan kan lanmò yo. Yo te batay kòt a kòt avèk Ris yo epi yo libere zòn lan le 22 jwen 1944. Nan moman sa a, kominote patizan Bielski an te rive 1 230 moun, sètadi pi gwo popilasyon li. Benjamin Bedzow te imigre nan Kanada nan ane 1948 epi apre sa te enstale nan Miami.

Dyaporama Rezistans

1 OF 3
  • Rezistans

    Te genyen kat kalite rezistans anba okipasyon almand lan, rezistans senbolik, rezistans polemik, oto-asistans epi apre sa sèlman rezistans ame. Jwif yo te tradisyonèlman gen kapasite pou twa premye fòm rezistans yo epi yo te oblije aprann reziste avèk la fòs.

    Yon cachèt nan planche yon bonkè yo te prepare pou soulevman nan Geto Vasovi an, 1943 / USHMM

  • Jwif yo te soulve nan rezistans ame nan geto yo avèk bwa yo -- e menm nan kan lanmò Auschwitz, Sobibor avèk Treblinka yo. Yo te konbat kot a kot avèk lòt gwoup rezistans nasyonal tou nan la Frans, Yougoslavi epi Inyon Sovyetik, men souvan yo te oblije konbat pou kont yo paske te genyen kouran antisemit pwofon nan sèten gwoup rezistans.

    Lidè Gwoup patizan Anti-Fachist lan nan Geto Kovno an, 1941-43 / USHMM

  • Jeneralman, moun pat konsidere rezistans ame an tankou yon mwayen pou ranpòte viktwa oubyen pou viv, men yon chwa sou kijan pou ou mouri pandan wap fè enmi an soufri domaj tou.

    Abba Kovner, lidè Gwoup patizan jwif yo nan Vilniyis, 1944 / USHMM