Dyaporama Depòtasyon

1 OF 4
  • Transpò

    Tren yo te endispansab pou pèmèt Alman yo asasine Jwif yo. Nan yon premye tan, yo te voye asasen yo tiye viktim yo youn apre lòt. Men lè sa te vin twò difisil pou asasen yo, yo te fè Jwif yo vin mobil; yo te depòte yo nan vagon tren ki nòmalman te sèvi pou transpòte bèt, nan sant lanmò ki te stasyonè.

    Moun kap monte tren nan Kan Tranzit Westerbork lan, 1943-44 / USHMM

  • Avèk kisa moun te pati ?

    "Tout moun te di lavi orevwa nan fason ki te pi bon pou yo an. Te genyen ki te priye. Te genyen ki te fè espre pou yo te sou, te gen lòt ki te entoksike avèk pasyon. Men manman yo pat al kouche pou yo te kapab prepare manje pou vwayaj lan avèk anpil tandrès epi yo te benyen pitit yo epi fè malèt yo; epi lè jou an leve babele yo te plen avèk rad timoun ki te tann pou seche. Ni yo pat bliye kouchèt yo, jwèt, kousen epi 100 lòt ti bagay manman yo toujou sonje epi timoun toujou bezwen." --Primo Levi, Otè epi Sivivan Jwif Italyen

    Pakèt ki te kenbe afè moun yo jete nan lari Krakovi apre likidasyon geto an, 1943 / USHMM

  • Ki kote yo te panse yo tap prale?

    "Tout tan m tap plede mande sè mwen, Edith, "Ki kote yap mennen nou? Ki kote yap mennen nou?" Pèsòn moun pat reponn, pèsòn pat konnen. Moun pat pale pouyo pa fè timoun yo pè; yo pat pale pase te fè tèlman cho bouch yo te seche. Yo pat pale pase pat gen anyen pou di. Apre senk jou nou te rive. Premye kestyon tout moun te poze se "Ki kote nou ye? Ki kote nou ye? Kisa ki non li?" Mwen te kapab wè kèk lèt. Non an te dwòl anpil: Auschwitz." --Alice Lok Cahana

    Jwif ki reyini pou depòtasyon, Geto Vasovi an, 1942 / USHMM

  • Poukisa yo te pati?

    "Manman mwen te voye yon nòt soti nan Umschlagplatz [pwen depòtasyon nan Geto Vasovi an]: '...[frè m lan] grangou epi yo prale [nan tren yo]...' Lè sa a, anvan yo te antre nan tren yo, yo te bay pen avèk konfiti bay moun pou fè yo panse yo ta pral enstale yo nan lòt vil, men la verite se nan Treblinka yo tap mennen yo pou mete yo nan chanm a gaz yo." --Vladka Meed

    Depòtasyon soti nan Geto Vasovi an, 1940-43 / USHMM