Dyaporama Kan yo

1 OF 4
  • Kan yo

    Sistèm kan Nazi yo te vast epi li te gen varyete.

    Yon kat ki prezante prensipal kan konsantrasyon ak kan ekstèminasyon Nazi yo / USHMM

  • Anprizonman

    Sèten kan te sèvi kòm koloni penal pou kenbe prizonye moun yo te defini kòm "enmi eta an."

    Babele elektrifye, fose, epi viji nan Dachau, 1945

  • Travay Esklav

    Kan travay fòse yo te fèt pou ekplwate prizonye yo pou SS lan epi pou endistri alman prive, kote souvan yo te fè prizonye yo travay jis yo mouri.

    Prizonye kap travay sou yon chantye konstriksyon nan yon kan travay an Bilgari, 1943 / USHMM

  • Kan Lanmò yo

    Nan sant lanmò Nazi yo, yo te tiye viktim yo nan chanm a gaz epi yo te jete kò yo nan fos komin oubyen yo te boule yo nan fou krematwa ki te fèt spesyalman pou sa oubyen nan gwo boukan.

    Baryè prensipal nan Auschwitz lan ki gen deviz "Arbeit Macht Frei" (travay rann ou lib), 1945 / USHMM